Accessibility links

Breaking News

6 Peyi Oksidantal Akize La Risi Dèske l Sèvi ak Konsèy Sekirite LONU an pou Pwopaje Dezenfòmasyon


Anbasade La Risi, Vasily Nebenzya pale nan fen yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an nan Nouyok, Vandredi 18 Mas, 2022.
Anbasade La Risi, Vasily Nebenzya pale nan fen yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an nan Nouyok, Vandredi 18 Mas, 2022.

Gen 6 peyi Oksidantal ki akize La Risi dèske l ap sèvi ak Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou pwopaje dezenfòmasyon, pwopagann, epi jistifye atak li lanse san pwovokasyon kont Ikrèn.

Etazini lanse yon pinga bay Moskou yon lòt fwa ankò ke deklarasyon li fè pou di kom kwa Etazini ta gen laboratwa zam chimik de gè nan Ikrèn "se vreman vre yon potansyèl jefò pou bay fo nouvèl."

Rankont konsèy la fè Vandredi te sipoze yon vòt sou pwojè rezolisyon La Risi sou kesyon asistans imanitè pou Ikrèn ke plizyè peyi kritike paske li pa mansyone envazyon Moskou fè lakay vwazen li ditou. Olye de sa, La Risi te soulve akizasyon ankò dèske Etazini mele nan aktivite lagè byolojik, ki se yon bagay Etazini ak Ikrèn demanti plizyè fwa.

6 peyi yo - Etazini, Angletè, La Frans, Albani, Irland ak Novèj - pibliye yon deklarasyon konjwen tou jis anvan sesyon konsèy la kote yo di "rankont sa a ak mandi ki vinn avèl gen yon sèl objektif ki se wete responsabilite pou lagè La Risi ap mennen an ak katastwof imanite li koze sou do Moskou."

Yo souliyen ke depi lontan La Risi ap pousuiv yon pwogram zam byolojik ki se yon vyolasyon lwa entènasyonal e ke yo gen dokiman istorik ki pwouve se limenm kap sèvi ak zam chimik - pa Ikrèn.

"Pa gen okenn laboratwa zam byolojik nan Ikrèn - pa tou pre frontyè La Risi ni okenn lot kote," Anbasadè Etazini Linda Thomas-Greenfield deklare.

Anbasadè a reitere kè sote administrasyon Biden nan genyen vizavi jefo Ris la pou pwopaje fo nouvèl. "Nou kontinye kwè ke se posib La Risi ap planifye pou'l sèvi ak zam chimik oubyen byolojik kont pèp Ikrenyen an," Madan Thomas-Greenfield deklare.

XS
SM
MD
LG