Accessibility links

Breaking News

Nan yon Apèl Videyo, Biden Mande Prezidan Chinwa Xi pou l pa Apiye La Risi


Nan foto sa a ke Lamezonblanch bay lapres, Prezidan Joe Biden rankontre vityelman nan Sal Sityasyon an (Situation Room) nan Lamezonblanch, ak Prezidan La Chinn Xi Jinping, Vandredi 19 Mas, 2022.
Nan foto sa a ke Lamezonblanch bay lapres, Prezidan Joe Biden rankontre vityelman nan Sal Sityasyon an (Situation Room) nan Lamezonblanch, ak Prezidan La Chinn Xi Jinping, Vandredi 19 Mas, 2022.

Byen lwen ak lagè Risi-Ikrèn nan, Prezidan Joe Biden te pale ak Prezidan Chinwa Xi Jinping Vandredi pandan prèske 2 zèd tan pa videyo kote yo te diskite sou lagè a ak lot kestyon bilateral.

Etazini ap chache dekouraje Peken bay La Risi asistans militè oubyen ekonomik apre envazyon Moskou fè nan Ikrèn. E Lamezonblanch di Biden souliyen pou Xi "enplikasyon ak konsekans sa pral pote pou La Chin, si li bay La Risi sipo materyèl."

Ministè Afè Etranje Chinwa a deplore "konfli ak konfwontasyon" kom yon bagay ki "pa nan enterè pèsonn." Men li pa blame La Risi e li pa bay okenn endikasyon kisa li gen entansyon fè.

XS
SM
MD
LG