Accessibility links

Breaking News

La Chanm Vote pou Mete Plis Restriksyon sou Komès ak La Risi Apre Envazyon an


Foto Achiv: Boutey Vodka Alimov Ris nan yon magazen Total Wine and More nan University Park eta Florid, 27 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Boutey Vodka Alimov Ris nan yon magazen Total Wine and More nan University Park eta Florid, 27 Fevriye 2022.

La Chanm dè Reprezantan Etazini vote pou sispann relasyon komèsyal nòmal yo ak La Ris epi Byelorisi. Lwa sa a pare chimen an pou Prezidan Joe Biden ogmante tarif sou divès pwodwi nan moman etazini ap chache febli ekonomi Ris la apre envazyon li fè nan Ikrèn nan.

Sena a gen pou'l vote sou lwa a anvan lontan. Vòt La Chanm dè Reprezantan Jedi fèt apre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy te sipliye Kongrè a ak alye Etazini yo pou yo fè pi plis pou repouse atak La Risi yo.

Lwa komès la ki kouvri plizyè domèn, ta revoke stati "peyi pi prefere" La Risi jwi a. Etazini ap pran mezi sa a an kowòdonasyon ak Inyon Ewopeyen an epi G7 la, Gwoup 7 Pi Gwo Peyi Endistriyalize yo.

XS
SM
MD
LG