Accessibility links

Breaking News

Human Rights Watch Mande Ikrèn Poul Sispann Vyole Dwa Prizonye Ris yo


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.

Nan yon nòt pou laprès ONG Human Rights Watch mande Ikrèn pou l sispann poste foto ak videyo sòlda ris ke yo arete nan lagè paske aksyon sila vyole konvansyon Jenèv yo.

Deklarasyon an te di "Otorite Ikrenyen yo dwe sispann afiche videyo sòlda Ris ki nan prizon sou rezo sosyal ak mesaj pou ekspoze yo an piblik, espesyalman moun ki ap imilye yo, maltrete yo, ak menase yo".

"Metòd sa yo vyole pwoteksyon Konvansyon Jenèv yo bay prizonye lagè yo", HRW deklare. (Human Rights Watch se yon oganizasyon ki veye vyolasyon dwa moun kap fet toupatou nan mond lan)

Ikrèn te difize videyo prizonye Larisi yo, e li te fè yo defile devan laprès. Komite Entènasyonal Lakwa Wouj la di, tout moun yo kaptire yo te dwe trete ak diyite".

XS
SM
MD
LG