Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini Joe Biden reponn yon demann Ikrèn


Biden
Biden

Prezidan Etazini Joe Biden reponn yon demann Ikrèn pou èd mèkredi, kote li bay 800 milyon dola asistans ki gen ladann yon pakèt zam ak rad pwoteksyon - yon repons ki pa rive nan sa Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ap chache ki se tabli yon zòn kote avyon pa gen dwa vole, pandan peyi li ap fè fas ak atak LaRisi k ap kontinye. Men Biden moute tanperati lagè pawòl piman bouk ant li menm ak Prezidan ris Vladimir Putin.

"M panse li se yon kriminèl lagè," se sa Biden di pandan li t ap pale ak jounalis nan yon aktivite pita nan jounen an. Li pa te bay detay e li te deplase.

Kòm repons, pòtpawòl Kremlen Dimitry Peskov di Ajans nouvèl Tass ke deklarasyon Biden nan "pa akseptab e ke se yon pawòl enpadonab."

Putin te lanse anvazyon nan Ikrèn nan, sa gen 3 semèn. Nouvèl yo fè konnen fòs li yo frape lopital, lekòl ak kay

moun. Zelenskyy fè konnen anviwon 100 timoun pèdi lavi yo.

Nouvo èd Etazini an mete total nouvo asistans ameriken pou sekirite nan Ikrèn nan 1 milya dola, pou semèn sa a sèlman.

XS
SM
MD
LG