Accessibility links

Breaking News

Yon Ameriken Pami Sivil ki Mouri nan Atak La Risi ann Ikrèn


Yon imaj satelit Maxar Technologies montre bilding kap boule nan yon katye rezidansyel nan nodes Chernihiv, Ikren, Mekredi 16 Mas 2022.
Yon imaj satelit Maxar Technologies montre bilding kap boule nan yon katye rezidansyel nan nodes Chernihiv, Ikren, Mekredi 16 Mas 2022.

Yon gason Ameriken mouri nan yon atak La Risi lanse nan vil Chernihiv nan no peyi a kote li tap chache tretman medikal pou patnè li.

Se sè li ki rapote nouvèl sou lanmo Jim Hill ki se moun vil Diggs, eta Idaho Jedi. Li pibliye yon mesaj sou Facebook kote li di misye tap fe la ke pou achte pen ak plizyè lot moun, lè sniper lame Ris la tire sou yo.

Otorite Ikrenyen yo rapote gen 10 moun ki mouri Mèkredi nan CHernihiv pandan yo tap tann pou achte pen.

Lapolis Chernihiv ak Depatman d'Eta konfime lanmo Ameriken an men yo pa idantifye misye. Hill se omwens dezyèm sitwayen Ameriken ki mouri nan konfli a.

XS
SM
MD
LG