Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Kremlin an Rejte Desizyon Tribinal Nasyonzini pou l Sispann Operasyon Militè li a


APTOPIX Russia Ukraine War
APTOPIX Russia Ukraine War

Kremlin an rejte Jedi desizyon pi wo tribinal Nasyonzini an pwononse, kote li pase lòd bay Larisi pou' l sispann operasyon militè li nan Ikrèn.

Dmitry Peskov ki se pòtpawòl Kremlin an te di repòtè yo "Nou pap ka pran desizyon sa a," li mete aksan sou ke tou 2 peyi-- Larisi ak Ikrèn -- dwe chita ansanm pou diskite yon akò pou desizyon sila ka aplike. "Nan ka sa a, pa gen okenn akò ka pran plas".

Tribinal la, ki nan La Haye, nan La Oland, te pran desisyon sila kont Larisi. Nan fen odyans Anton Korynevych ki se reprezantan Ikrèn te deklare "Larisi dwe aji" pou li respekte desizyon tribinal sa imedyatman.

Jijman ICJ yo obligatwa epi yo pa ka fè apèl, men tribinal la pa gen mwayen pou fè Larisi respekte jijman an.

Larisi te boude odyans ICJ yo te fè nan dat 7-8 mas. Men, nan yon dokiman ekri, Moskou te di tribinal la pa gen konpetans poul jere dosye Ikrèn lan.

XS
SM
MD
LG