Accessibility links

Breaking News

Blinken di 'Moskou Pa fè Efò ' nan Chita Pale yo pou Rezoud Kriz Ikrèn la


Prezidan Joe Biden pale pandan rankont o some vityel 2 jou ki rele Some Demokrasi nan Lamezonblanch, pandan Sekrete D'Eta Antony Blinken - a dwat - koute, 9 Dec. 2021.
Prezidan Joe Biden pale pandan rankont o some vityel 2 jou ki rele Some Demokrasi nan Lamezonblanch, pandan Sekrete D'Eta Antony Blinken - a dwat - koute, 9 Dec. 2021.

Lèzetazini eksprime dout jedi konsènan chita pale k ap fèt ant Ikrèn ak Larisi pou mete fen nan lagè a. Etazini di ke jiskaprezan Moskou pa demontre 'efò enpòtan' nan premye liy diplomatik la.

"Nan yon bò, nou salye Ikrèn paske li rete sou tab negosyasyon an pandan l ap sibi bonbadman tout tan, epi yon lòt bò, mwen pa wè okenn efò enpòtan nan men Larisi pou mete fen nan lagè li ap mennen an, atravè diplomasi," Minis Zafè Etranje Ameriken an Antony Blinken te di jounalis yo.

XS
SM
MD
LG