Accessibility links

Breaking News

Peyi End ap Etidye Posiblite Pou-l Achte Gazolin Nan Men Larisi


FILE - A worker walks past pump jacks at an oil field east of Izhevsk, Russia, Dec. 7, 2007.
FILE - A worker walks past pump jacks at an oil field east of Izhevsk, Russia, Dec. 7, 2007.

Peyi End ap etidye posiblite pou-l achte gazolin nan men Larisi pandan peyi nan l'Oksidan yo enpoze sanksyon apre envazyon Larisi nan Ikrèn nan.

Hardeep Singh Puri Minis petwòl ak Gaz Natirel End la,di madi nan palman an ke gouvèn-man an te gen diskisyon avek Larisi pou achte petwòl Brut a.

Li di palmantè yo: “Mwen te gen yon konvèsasyon nan nivo apropriye ak federasyon rus la . Gen lot diskisyon ki tanmen. Puri di gouvenman an ap gade kesyon tankou eske gaz la disponib e kouman l-ap peye pou petwol ki pa rafine-a.

Yon nouvèl ki parèt nan Journal Times peyi End fè konnen End preske finalize yon akò pou-l achte $3.5 milyon dwoum petwol brut nan men Larusi ak gwo rabè. Li di se moun ki okouran sa k-ap pase a ki bay nouvèl-la men ki mande pou non yo pa site.

End se 3 zyèm pi gran enpotatè petwol ki depann de petwol brut ki soti aletranje pou plis pase 80% nan bezwen ni.

Pifò gaz-li soti nan Mwayen Oryan ak Etazini e Petwòl brut Larusi a reprezante selman apeprè 3% enpotasyon ni.

XS
SM
MD
LG