Accessibility links

Breaking News

Responsab Etazini, La Chin Rankontre nan Wòm

Manm delegasyon Chinwaz la kite otel Cavalieri Waldorf Astoria nan vil Wom kote yon rankont tap dewoule ant Jake Sullivan, Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal ak Diplomat wo plase Chinwa Yang Jiechi, nan peyi Itali, 14 Mas, 2022.

Wo konseye Prezidan Joe Biden ak Xi Jinping rankontre nan vil Wòm ann Itali pou diskite sou sipò La Chin bay La Risi nan envazyon li fè nan Ikrèn. Kremlen an demanti nouvèl ki di kòm kwa li mande La Chinn ba li ekipman militè pou sevi nan lagè a.

Konseye Lamezonblanch sou zafè ki gen rapò ak Sekirite Nasyonal Jake Sullivan, ak wo responsab Chinwa sou politik etranjè Yang Jiechi rankontre Lendi.

Administrasyon Biden nan gen anpil kè sote deske La Chin ap pwofite lagè Ikrèn nan pou'l avanse enterè li genyen depi lontan nan konpetisyon li ak Etazini.

Sullivan te vle pwofite rankont la pou gen plis enfòmasyon sou pozisyon Peken vizavi La Risi epi lanse avètisman bay La Chin kòm kwa asistans lap bay La Risi taka pote konsekans pou Peken.

XS
SM
MD
LG