Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrenyen an Zelenskyy Pral Pwononse yon Diskou Devan Kongrè a Mèkredi


Foto Achiv: Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskiy nan Kyev, Ikren, 4 Mas, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskiy nan Kyev, Ikren, 4 Mas, 2022.

Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky pral pwononse yon diskou vityèl devan Kongrè Ameriken an Mèkredi, dapre Lidè Majorite Sena a, Chuck Schumer ak Lidè La Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi. Yo voye yon lèt bay palmantè yo pou anonse nouvèl la.

"Kongrè kanpe fèm dèyè angajman pou apiye Ikrèn pandan lap fè fas ak agresyon mechan e dyabolik Putin nan. Nou pran angajman tou pou'n adopte lwa ki va kriple epi izole ekonomi Ris la pandan nap voye asistans imanitè, sekiritè ak ekonomik bay Ikrèn," deklarasyon konjwen an di.

Zelenskyy ap fè efòpou jwenn plis sipo pou Ikrèn. Konsa li pale pa videyo ak etranje - pami yo Kongrè Etazini ak palman Britanikla. Zelensky pral pale a 9hè di maten (1300 GMT) Mèkredi ak palmantè Ameriken yo.

Gen plis pase 280 manm Sena Ameriken an ak La Chanm dè Reprezantan ki te patisipe nan yon apèl videyo ak Zelensky 5 Mas pas a kote yo di li te lanse yon "apèl dezespere" pou avyon de gè pou konbat anvayisè Ris yo.

XS
SM
MD
LG