Accessibility links

Breaking News

LaRisi ap atake telekominikasyon ak sous elektrisite


Yon eksplozyon nan yon bilding ki gen apatman apre yon tank Ris tire sou li nan Mariupol, Ikren, Vandredi 11 Mas, 2022.
Yon eksplozyon nan yon bilding ki gen apatman apre yon tank Ris tire sou li nan Mariupol, Ikren, Vandredi 11 Mas, 2022.

Pou anpil moun nan Ikrèn, rete sou entènèt la pa fasil nan moman LaRisi ap atake telekominikasyon ak sous elektrisite yo, men kèk moun, tankou Oleg Kutkov - yon enjenyè nan lojisyèl ak kominikasyon - ap teste nouvo mwayen pou yo rete konekte.

Nan yon entèvyou sou FaceTime ak Sèvis Mandaren LaVwadlamerik la etan nan Kyèv, Kutkov sèvi ak yon tèminal an 2 pati ki nesesè pou l konekte gras ak Starlink, yon gwoup 2-mil satelit ke konpayi prive SpaceX ap opere, an palan de konpayi milyadè Elon Musk la.

Antèn parabolik ak modem Starlink la fasil pou sèvi ak yo, dapre Kutkov ki nan 30èn li. Li di: "Ou dwe mete tèminal an 2 pati a deyò, ouvè li e tann kèk minit, e konsa ou moute sou entènèt la," se sa li di sèvis Mandaren LaVwadlamerik la jodi lendi a.

Li di se konsa, sou entènèt, li resevwa tout kominikasyon gouvènman an nan medya sosyal yo, pa nan radio oubyen televizyon.

XS
SM
MD
LG