Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Yon Jounalis Ameriken Mouri


People fleeing the town of Irpin outside of Kyiv
People fleeing the town of Irpin outside of Kyiv

Yon jounalis Ameriken mouri ak yon lòt jounalis blese anba bal ki tap chante dimanch nan Irpin, ant fòs militè ikrenyen yo ak fòs militè ris yo.

2 mesye yo te resevwa katouch yo nan mitan jounen an pandan yo te nan on machin te gen yon sivil Ikrenyen ki te ansamb avè yo, ki rive blese tou, dapre deklarasyon Danylo Shapovalov ki se yon doktè ki ap travay ak fòs Ikrenyen, ki bay tout viktim yo swen.

Otorite Ikreyen yo kouri pran devan bann lan, e yo akize fòs Ris yo, yo deklare ke se militè ris yo ki tire sou jounalis yo, men jan katouch yo tap chante a li difisil pou etabli ki es fòs ki tire.

Jounalis AFP ki te nan zòn sa a dimanch te tande anpil kout zam.

Yon repòtè AFP te wè kadav jounalis ki mouri a, ki te gen papye idantifikasyon sou li, ki gen ladan yon kat akreditasyon New York Times.

Jounalis la rele Brent Renaud, 50, li se yon fotograf ak reyalizatè , dapre sa jounal Ameriken an te di nan yon nòt pou laprès. Li te travay pou The New York Times nan tan lontan an, men li pa t travay pou li nan Ikrèn, dapre deklarasyon yo.

Li se premye jounalis etranje ki mouri depi 24 fevriye apre kòmansman envazyon Larisi nan Ikrèn.

Lòt jounalis Ameriken an, aparamman blese men li pa tro grav.

XS
SM
MD
LG