Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Voye $200 Milyon Zam bay Ikrèn


Moun rasanble nan sousol yon lopital ki sibi gwo domaj pandan konfli ant Ikren ak La Risi a nan vil Volnovakha, nan rejyon Donetsk la ke separatis yo kontwole, nan Ikren, 12 Mas, 2022.
Moun rasanble nan sousol yon lopital ki sibi gwo domaj pandan konfli ant Ikren ak La Risi a nan vil Volnovakha, nan rejyon Donetsk la ke separatis yo kontwole, nan Ikren, 12 Mas, 2022.

Etazini deklare Samdi li pral kouri vit voye yon lòt $200 milyon zam, sistèm defans anti tank ak anti-avyon bay Ikrèn. Responsab Ikrenyen yo lanse apèl pou di yo bezwen plis ekipman pou defann tèt yo kont fos Ris yo ki kontinye atake.

Prezidan Joe Biden otorize Samdi asistans sekirite adisyonèl la, dapre Lamezonblanch, ki pare chimen an pou yo voye "tou swit" ekipman militè bay Ikrèn, yon responsab wo plase administrasyon an fè konnen.

XS
SM
MD
LG