Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Inyon Ewopeyèn Pral Entèdi Ekspòtasyon Machandiz Liksye li yo nan Larisi


Inyon Ewopeyèn pral entèdi ekspòtasyon machandiz liksye ki soti lakay li kite konn ale nan peyi Larisi, yon fason pou yo ka bay elit Ris la "yon souflèt ". Mezi sila fè pati nouvo sanksyon peyi G7 yo deside pran vandredi kont Moskou. Prezidan Komisyon Ewopeyen an Ursula von der Leyen te anonse mezi sila a .

"Moun ki sipòte machin lagè Putin lan pa ta dwe kapab mennen bèl vi yo te konn mennen avan yo, tankou, jwenn opòtinite pou achte bagay ki chè, pandan bonm ap tonbe sou inosan nan Ikrèn," li te ajoute nan yon deklarasyon.

XS
SM
MD
LG