Accessibility links

Breaking News

ONU: Reyinyon Ann ijans Jodia sou demand Moskou


United Nations Security Council meeting on Threats to International Peace and Security, in New York
United Nations Security Council meeting on Threats to International Peace and Security, in New York

Konsèy Sekirite l-ONU ap fè yon reyinyon ann ijans jodia sou demand Moskou sou swadizan faktori zam byolojik nan Ikrèn, nan moman moun te poze kesyon nan yon sesyon sou Siri pou konnen si LaRisi te sèvi ak zam byolojik.

LaRisi akize Etazini jedi pou finansman rechèch sou devlopman zam byolojik nan Ikrèn ki anba atak plizyè dizèn milye sòlda ris depi 24 Fevriye pase.

Ni Washington ni Kyèv demanti akizasyon yo, kote Etazini fè konnen sa se siy ke Moskou ka te sèvi ak zam chimik li menm.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelemskiy rejte akizasyon LaRisi yo nan yon deklarasyon li fè nan video jedi, kote li di, "Pèsonn p ap devlope nan Ikrèn zam chimik ni okenn lòt zam ki ka detwi moun pa milye."

Peyi nan loksidan yo akize LaRisi kòmkwa li ap anplwaye riz lè li akize advèsè li yo ak Etazini kòmkwa yo ap devlope zam byolojik ak chimik pou yo baze sou sa pou sèvi ak zam sa yo nan Ikrèn -- yo akize Moskou kòmkwa li te sèvi ak yo nan Siri.

XS
SM
MD
LG