Accessibility links

Breaking News

Washington avèti Mosko: E li dekri kòm krim lagè Atak fòs ris yo Komèt nan Ikrèn.


Front pages of British newspapers published March 10, 2022, show reactions to an airstrike on a maternity hospital in Mariupol, Ukraine, a day earlier.
Front pages of British newspapers published March 10, 2022, show reactions to an airstrike on a maternity hospital in Mariupol, Ukraine, a day earlier.

Washington avèti Moskou jedi sou sa kèk obsèvatè dekri kòm krim lagè ke fòs ris yo ka komèt nan Ikrèn.

Otorite ameriken yo di LaRisi ap "antre nan yon estrateji jete fatra nan kèk sant kote popilasyon an demere" nan Ikrèn, pandan chita-tande wo-nivo k ap dewoule ant pati k ap goumen yo pa fè okenn pwogrè.

"Nou wè kèk nouvèl ke nou ka fè konfyans ki fè konnen twoup yo fè espre atake sivil, sa ki ta reprezante, dapre Konvansyon Jenèv yo, yon krim lagè," pou repete pòtpawòl Depatman Deta Ned Price, men li pa lanse akizasyon dirèk kòmkwa Moskou ta komèt krim konsa.

LaRisi demanti ke li vize sivil nan envazyon li a nan Ikrèn.

Vis-prezidan Etazini Kamala Harris te deklare nan peyi Polòy ke li sipòte yon ankèt Nasyon Zini sou envazyon LaRisi nan Ikrèn nan pou chache "tout vyolasyon ak abi kont dwa moun, ak lòt krim ki gen rapò ak sa."

XS
SM
MD
LG