Accessibility links

Breaking News

Biden: 'Yon Konfwontasyon ant L'OTAN ak La Risi ta Egal yon 3e Gè Mondyal'


Prezidan Joe Biden anonse ke ansanm ak Inyon Ewopeyen an Etazini pral wetire stati favorize La Risi te konn jwi nan komes lap fe ak Etazini kom pinisyon pou envazyon li fe nan Ikren nan, Vandredi 11 Mas, 2022.
Prezidan Joe Biden anonse ke ansanm ak Inyon Ewopeyen an Etazini pral wetire stati favorize La Risi te konn jwi nan komes lap fe ak Etazini kom pinisyon pou envazyon li fe nan Ikren nan, Vandredi 11 Mas, 2022.

Prezidan Joe Biden di sanksyon Etazini ak Ewòp enpoze yo ap "kraze ekonomi La Risi". Biden ajoute ke ajans kredi yo mete lajan Ris la nan "stati fatra".

Biden pran la pawòl Vandredi pou di Etazini pral diminye yon fason dramatik stati komès lap fè ak La Risi, kom pinisyon pou envazyon li nan Ikrè. Etazini ap entèdi tou enpòtasyon fwi de mè Ris, bwason alkowolik ak dyaman.

"Totalite sanksyon nou yo ak kontwòl pwodwi La Risi ekspòte kraze ekonomi Ris la. Roub la pèdi plis pase mwatye valè li. Yo di'm ou bezwen 200 woub pou yon dola Ameriken. Mache la bous Moskou a ki fèmen depi 2 semèn paske yo konnen moman li louvri li pral pwobableman efondre," prezidan an deklare.

Mezi ki pran semèn sa a se dènye nan yon seri sanksyon ki ankiloze ekonomi Ris la e ki se yon siy Etazini ak alye li yo pral kontinye sèvi ak enfluyans finansye pou pini Prezidan Ris la, Vladimir Putin.

"Lis komes ak konpayi entènasyonal kap kite La Risi ap ogmante chak jou. Nou kontinye fèmen konpayi ansanm ak alye nou ak patnè nou pou asire kowoperasyon an sere e ke pèp Ikrenyen kapab defann peyi yo," Biden deklare.

Nan pale li te fè depi Sal Roosevelt Lamezonblanch la, Biden ajoue alye yo pral "asire Ikrèn gen zam pou defann tèt li kont fos Ris ki anvayi peyi li."

Sepandan li souliyen twoup Ameriken pap goumen kont La Risi nan Ikrèn.

"Mwen vle di klèman, nou pral asire ke Ikrèn gen zam pou defann tet li kon fos anvayisè RIs la. Nap voye lajan ak manje ak asistans pou sove lavi pèp Ikrenyen an, e map akeyi refije Ikrenyen yo. Nou ta dwe akeyi yo ak brazouvè si yo bezwen aksè. E nou pral voye plis asistans pou Ikrèn. Nou pral kontinye kanpe bo kote alye nou yo ann Ewop e voye yon mesaj klè" nap defann chak santimèt teritwa LOTAN ak tout fos yon LOTAN inifye e galvanize," Prezidan Biden deklare.

Li souliyen fòk yo evite yon konfrontasyon direk ak La Risi.

"Yon konfwontasyon ant LOTAN ak La Risi egal Twazyem Gè Mondyal la, on bagay nou dwe eseye anpeche. Nou konnen lagè Putin ap mennen kont Ikrèn pap janm yon viktwa," prezidan an deklare.

Lè jounalis yo mande'l kisa ki pral rive si La Risi sèvi ak zam nikleyè, men sa prezidan an te reponn.

"Mwen pap pale sou ransèyman nou genyen men la Risi pral peye sa chè si li sèvi ak zam chimik."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG