Accessibility links

Breaking News

Moskou Deklare ke Etazini te Finanse Laboratwa Zam Byolojik nan Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-PUTIN
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-PUTIN

Lwanj pou fason ajans ameriken yo te jwenn e pataje ransèyman sou plan LaRisi pou anvayi Ikrèn nan, yo ralanti pandan gen yon enkyetid k ap grandi kòmkwa youn nan kanpay Kremlen an pou gaye enfòmasyon defòme, yo koumanse ap fè moun kwè yo nan Etazini ak nan loksidan.

Sa gen kèk jou depi otorite nan Mezon Blanch, Depatman Deta ak Pentagòn nan ap repouse pawòl Moskou yo - ke media sosyal nan ekstrèm dwat ak ekstrèm goch yo ap repete, ansanm ak kèk medya tradisyonèl nan Etazini - pawòl ki di ke fòs ris yo jwenn, e nan kèk ka detwi, laboratwa zam byolojik ke Etazini te finanse nan Ikrèn.

"Mwen krenn ke se kapab nouvo direksyon yon operasyon poze-zak pou lage sou dò zòt," se sa chef komisyon ransèyman nan Sena a, Demokrat Mark Warner, di prensipal responsab ransèyman Etazini yo nan yon

depozisyon jedi. Yon Repibliken nan komisyon an, Senatè Marco Rubio, deklare akizasyon LaRisi an, mete ansanm ak kòmantè kèk otorite ameriken te fè lòt jou la a, fè "tèt kèk moun cho".

Responsab sèvis ransèyman yo fè wè ke, pandan gen plis pase yon douzèn laboratwa byolojik nan Ikrèn, travay yo santre sou efò pou konprann e prevni pandemi ak pwopagasyon maladi kontajye, se pa anyen anplis.

XS
SM
MD
LG