Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kolonbyen an Kritike Venezuela pou Atitid Li Pran Vizavi Ikrèn


Prezidan Kolonbyen an Ivan Duque Marquez pale pandan yon rankont ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch, Jedi 10 Mas, 2022.
Prezidan Kolonbyen an Ivan Duque Marquez pale pandan yon rankont ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch, Jedi 10 Mas, 2022.

Nan yon entevyou eksklizif ak Sèvis Espayol VOA, Prezidan Kolonbyen an, Ivan Duque kritike lidè peyi vwazen ni, Venezuela, pou pozisyon li pran sou kriz Ikrèn nan.

"Nicolas Maduro fè pèp li menm bagay ke Vladimir Putin fe pep Ikranyen an. Li koze pi gwo kriz migratwa Venezyela konstate depi kèk ane, menm jan Ikrenyen ki mizerab ak kouri pati epi kreye yon kriz migratwa ann Ewop. Donk reyunyon ant Venezuela ak La Risi, se konfimasyon misye kanpe sou move kote listwa," prezidan an deklare.

Prezidan Kolonbyen an Kritike Vwazen li Venezyela pou Pozisyon li Pran Vizavi Ikrèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:49 0:00

Prezidan Duque di pozisyon li vizavi rejim sèl kok chante a pa chanje.

"Bo kote pa nou pa gen okenn chanjman sou pozisyon nou. Etazini ak Kolonbi nou rele Nicolas Maduro yon diktate. Kolonbi menm jan ak Etazini aji menm jan an kowodinasyon pou sible kriminel kap travay pou Nicolas Maduro yo, epi ankouraje yon veritab tranzisyon demokratik nan Venezuela," Prezidan Duque di.

Chèf d'Eta a di VOA peyi li pi byen plase pase Venezuela pou ede Etazini jere yon kriz enèjetik.

"Mwen di'w Venezuela pa an mezi pou'l pwodwi plis pase 700 mil barik petwol pa jou. An plis petwol kri li mande anpil rafinman. Venezyela te konn pwodui pliske 3 milyon barik pa jou - men yo detwi kapasite sa a. Kolonbi limenm pwodui 400 mil barik petwol pa jou e sa pa gen lontan nou tap pwodwi prekse yon milyon. nap travay ak Etazini sou envesyon stratejik pou avanse pwodiksyon an pandan semen kap vini yo. Apa sa nou gen petwol nou nan Texas e nap akselere kantite barik nap pwodui chak jou pou rive nan 100 mil," Prezidan Duque deklare.

"Epi nan moman kote mond lan ep diminye depandans li sou karbon de chabon achte 50% chabon nou nan men Etazini. Konklizyon Kolonbi jodia se yon peyi ki gen plis sekirite ak plis bagay li ka ofri Etazini an tem de solisyon pou kriz enejetik nan konteks sa a," li ajoute.

Prezidan Kolobyen an, Ivan Duque pale ak VOA pandan yon vizit nan Washington kote li te rankontre Prezidan Biden ak manm Kongre Ameriken an.

XS
SM
MD
LG