Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: UNICEF di "Omwens 12 Timoun Pèdi Lavi yo" nan Atak ki Fèt Sou Enstitisyon Sanitè yo


ইউক্রেনের দক্ষিণাঞ্চলে মারিউপোলের একটি প্রসূতি হাসপাতালে হামলায় আহত এক গর্ভবতী নারীকে উদ্ধার করে নিয়ে যাচ্ছে স্বেচ্ছাসেবকরা।
ইউক্রেনের দক্ষিণাঞ্চলে মারিউপোলের একটি প্রসূতি হাসপাতালে হামলায় আহত এক গর্ভবতী নারীকে উদ্ধার করে নিয়ে যাচ্ছে স্বেচ্ছাসেবকরা।

Nan Ikrèn, depi kòmansman lagè a, gen "31 atak ki fèt sou Enstitisyon sanitè yo" kom rezilta gen "omwen 12 moun mouri ak 34 moun ki blese", chif sa yo soti nan yon kominike Dimanch ke UNICEF te pibliye, e yo avèti sou gwo risk ki genyen pou lasante yo efrondre nan Ikrèn.

Nan yon deklarasyon konjwen direktè jeneral Unicef, UNFPA (Fon Nasyonzini pou Popilasyon) ak OMS te pibliye Dimanch te di si "Sistèm swen sante a nan Ikrèn klèman ap sibi anpil atak, e si sistèm la efondre se ap yon dezas".

Dapre rapò ki soti nan Sistèm Siveyans gen 24 atak ki fèt sou Enstitisyon LaSante OMS, te gen anpil bagay ki domaje oswa detwi, anbilans ki te detwi nan atak.

Dapre ajans sa yo ak òganizasyon sa yo, 4,300 timoun te fèt nan Ikrèn depi kòmansman lagè a , e gen 80,000 fanm Ikrenyen ki gen pou fè timoun nan twa mwa kap vini yo.

Mesaj la te kontinye poul di "Jodi a nou mande pou yon fen imedyat nan atak ki kontinye ap fèt sou swen Enstitisyon sanitè yo nan Ikrèn."

"Dwa entènasyonal imanitè ak dwa moun dwe respekte epi pwoteksyon sivil yo dwe priyorite absoli nou", yo deklare.

XS
SM
MD
LG