Accessibility links

Breaking News

Videyo Jounalis AP Montre Tank Ris Kap Tire sou Bilding Kote Sivil Rete


Anastasia Erashova kriye pandan li kwoke pitit li nan korido yon lopital nan Mariupol, nan es Ikren, Vandredi 11 Mas, 2022.
Anastasia Erashova kriye pandan li kwoke pitit li nan korido yon lopital nan Mariupol, nan es Ikren, Vandredi 11 Mas, 2022.

Videyo yon jounalis Associated Press anrejistre montre tank Ris yo ki tap tire sou yon seri bilding ki gen apatman nan vil Mariupol ki anba syej.

Videyo a montre eksplozyon bò kote bilding ki te deja andomaje anpil, epi balkon moun ki pran dife. Li montre tou yon tank ki gen yon gwo Z sou li ap detwi otobis .

Videyo yon Jounalis AP Filme nan Mariupol, Ikrèn sou Atak La Risi kont yon Bilding ki gen Apatman
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:16 0:00

Li pat posib pou detèmine yo te tire sou Ris anvan yo te kòmanse tire.

Jounalis la, te akonpaye yon gwoup travayè medikal te fè fas ak kout zam. Videyo li montre yon travayè medikal ki rele Anastasia Erashova kap kriye, apre yon bal pran li nan hanch. Youn nan timoun li yo mouri nan yon atak. Erashova te chita pou'l kriye pandan li te kenbe yon pitit ki tap domi.

"Nou te vinn kay frè mwen ansanm," li esplike. "Medam yo ak timoun yo te kouri nan sousol la lè atak la te frape bilding nan. Nou te bloke anba a e 2 timoun yo te mouri. Pèsonn pat la pou sove yo."

Pandan li te kontinye kriye li te ajoute "Mwen pa konn ki kote pou'm ale. Kiyes ki pral pote timoun nou yo tounen? Kiyes?"

XS
SM
MD
LG