Accessibility links

Breaking News

La Tiki Poko Vle Fè Kòmantè sou Acha Zam Ris Pandan Lagè Ikrèn nan


Prezidan La Tiki, Tayyip Erdogan ak Chanselye Alman Olaf Scholz apre yon konferans de pres nan Pale Prezidansyel la nan Ankara, La Tiki, 14 Mas 2022.
Prezidan La Tiki, Tayyip Erdogan ak Chanselye Alman Olaf Scholz apre yon konferans de pres nan Pale Prezidansyel la nan Ankara, La Tiki, 14 Mas 2022.

Prezidan La Tiki, Tayyip Erdogan deklare Lendi li twò bonè pou fè komantè sou posibilite pou peyi li ta achte plis zam nan men La Risi, akoz envazyon Moskou fè nan Ikrèn nan. Li di Ankara va deside apre li finn egzaminen kondisyon yo.

Erdogan te pran la pawòl nan Ankara bò kote Chanselye Alman an, Olaf Scholz. Erdogan di La Tiki voye asistans milite bay Ikrèn yon fason alye L'OTAN yo patka fe, malgre relasyon li genyen ak La Risi. Ankara pral kontinye voye asistans bay Kyèv, misye fè konnen.

La Tiki se yon manm L'OTAN e li te fè fas ak sanksyon Etazini nan mwad Desanm 2020 apre li te achte sistèm defans anti-misil Ris S-400. Alye Oksidantal yo kritike'l pou sa tou. Ankara di li te oblije achte zam yo nan men La Risi paske alye yo pat pare pou ba li zam anba kondisyon satisfezan.

XS
SM
MD
LG