Accessibility links

Breaking News

Pfizer, Bayer Pral Kontinye Voye Medikaman Bay La Risi


Konprime anti virus COVID-19 konpayi famasetik Pfizer a.
Konprime anti virus COVID-19 konpayi famasetik Pfizer a.

Konpayi famasetik Pfizer ak Bayer deklare Lendi yo pral mentni distribisyon medikaman imanitè nan La Risi men ke yo pral elimine tout lòt depans ki pa esansyèl yo tap fè nan peyi a.

Konpayi entènasyonal yo deside rale kò yo soti nan la Risi, anba gwo presyon konsomatè nan l'Oksidan, ki mande yo pran yon pozisyon kont envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan.

"Sispansyon livrezon medikaman, tankou terapi pou kansè ak maladi ke ta koze gwo soufrans bò kote pasyan yo e petèt menm koze lanmò yo, sitou timoun yo ak granmoun yo, " Pfizer deklare.

Sepandan, konpayi famasetik la pap tanmen okenn nouvo ese medikaman nan klinik ni chache rekrite pasyan pou etid medikal kap fèt nan peyi a. Li di li pral sispann tou envestisman li te gen entansyon fè pou pwodwi medikaman li yo nan La Risi.

Envazyon Ris la lakoze konpayi famasetik yo kouri vit abone moun nan ese medikal yap fè nan Ikrèn, nan moman dè milyon moun ap chache abri akoz bonbadman kap fèt oubyen chape poul yo pou al nan peyi vwazen yo.

XS
SM
MD
LG