Accessibility links

Breaking News

Lachin Evakye Sitwayen li Soti Ikrèn


Ukraine Tensions China Explainer
Ukraine Tensions China Explainer

Lachin kòmanse evakye sitwayen li yo ki te bloke nan peyi Ikrèn akoz envazyon militè Ris nan peyi a, e gen youn nan sitwayen li yo ki blese.

Anbasad Chinwaz la nan Kyèv di ke 600 etidyan Chinwa te kite kapital la ak Odessa epi yo pran direksyon Moldavi.

Sitwayen Chinwa yo te vwayaje nan yon bis, epi plizy1è anplwaye anbasad la ak lapolis Ikrenyen te akonpaye yo, yo te vire nan destinasyon yo san pwoblèm e vwayaj la dire 6 èdtan.

Dapre sa televizyon leta Chinwa a rapòte, yon sitwayen Chinwa te pran yon katouch pandan li tap vwayaje pou li ale Lviv, ki youn vil nan lwès Ikrèn,

Yo te ale lopital avek viktim lan, men chèn nan pa bay okenn detay sou idantite li.

Lachin ki gen yon zanmitay ki sere sere ak Moskou, te evite kondane entèvansyon militè Ris la nan Ikrèn, li menm refize pale de yon "envazyon".

1,000 lòt sitwayen Chinwa gen pou kite Ikrèn pou yo ale an peyi Polòy ak Slovaki.

Anbasad La Chin nan Ikrèn te deklare ke 2 lòt peyi vwazen Ikrèn Ongri ak Woumani, pral bay asistans ak sitwayen Chinwa ki soti kouri kite peyi Ikrèn.

Antretan, Anbasad Poloy nan Lachin anonse ke sitwayen Chinwa ki kite Ikrèn ka antre nan peyi yo san yo pa bezwen yon viza pou 15 jou.

XS
SM
MD
LG