Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Volodymyr Zelenskiy "Frap sou Kharkiv la se yon krim lagè"


Ukrainian President Volodymyr Zelenskiy talks during an interview with Reuters in Kyiv
Ukrainian President Volodymyr Zelenskiy talks during an interview with Reuters in Kyiv

2èm pi gran vil nan Ikrèn nan fè fas ak vyolans k ap ogmante jodia, pandan yon kolòn fòs ris aliyen sou yon wout o nò kapital Ikrèn nan, Kyiv, nan 6èm jou envazyon LaRusi lakay vwazen li.

Ministè Afè Etranjè Ikrèn moutre video yon frap sou bilding Administrasyon Rejyonal Eta a nan Kharkiv nan sant vil la ki kite yon gwo boul dife ak lafimen pandan plizyè machin t ap pase.

"Frap sou Kharkiv la se yon krim lagè," se pawòl Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelenskiy nan yon deklarasyon sou video.

Yon responsab sèvis dijans fè konnen frap la touye pou pi piti 6 moun e blese 20 lòt.

Chef politik afè etranjè Inyon Ewòp la Josep Borell deklare jodia bonbadman ki fèt sou ensfrastrikti sivil lendi a nan Kharkiv, sa "vyole lwa lagè."

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov rejte akizasyon krim lagè yo e li di jounalis yo ke "twoup ris yo pa fè okenn frap sou enfrastrikti sivil nan zòn rezidansyèl yo."

Ikrèn rapòte tou jodia sòlda ki soti lakay alye LaRisi Belaris antre nan rejyon Chernihiv nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG