Accessibility links

Breaking News

5,000 Solda Ris Swa Mouri, Swa Kaptire


Plas santral vil Kharkiv apre batay ki dewoule tou pre Otel de Vil la nan Ikren, 1 Mas 2022.
Plas santral vil Kharkiv apre batay ki dewoule tou pre Otel de Vil la nan Ikren, 1 Mas 2022.

BRUSSELS - Yon responsab ransèyman wo plase l'Oksidan pale ak plizyè ajans ransèyman e li estime Madi ke plis pase 5,000 solda ris swa kaptire swa mouri nan men fòs Ikrenyen yo. Li di fòs yo elimine yon pakèt avyon Ris ak tank ansanm ak kèk nan sistèm defans de lè yo.

Responsab la di twoup Ris yo ogmante kantite atiyri yap sèvi o nò Kyèv ak ozalantou vil Kharkiv a lès, epitou vil Chernihiv nan nò a. Yap sèvi ak gwo zam lou depi 48 hè.

Responsab la ajoute ke fòs Ris yo ap tabli kò yo nan rejyon Donbas la a lès, kote pi fò twoup Ikrenyen yo konsantre apre 8 lane batay ak separatis La Risi apiye nan zòn nan. Responsab la pale sou kondisyon pou yo pa site non ni, pou li te bay enfòmasyon sou ransèyman sa yo.

XS
SM
MD
LG