Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Paran Etidyan ki Soti Nijeria Lanse Apèl Pou Mande Lapè Nan Ikrèn


Protesters in Abuja, Nigeria, hold up placards as they chant for peace and call for evacuation of Nigerian students and nationals stranded in Ukraine, Feb. 28, 2022. (Timothy Obiezu/VOA)
Protesters in Abuja, Nigeria, hold up placards as they chant for peace and call for evacuation of Nigerian students and nationals stranded in Ukraine, Feb. 28, 2022. (Timothy Obiezu/VOA)

Paran, fanmi ak zanmi etidyan ki soti Nijeria e ki bloke nan Ikrèn tap chante nan moman yo tap defile devan anbasad LaRisi a nan Abuja lendi 28 fevriye pase a, kote yo tap lanse apèl pou mande lapè nan Ikrèn e pou fè etidyan yo evakye tousuit kite peyi a ke lagè fin ravaje a.

Manifestan Blessing Keri ki gen fanmiy kap etidye nan Ikrèn di: “Nou bezwen lapè. Nou pa vle timoun nou yo lòt bò a oubyen sè nou, frè nou yo ale lòt bò a pou yo peri. Nou vle yo rete nan lapè e retounen Nigeria nan lapè.

Otorite Nijeria yo pa kapab evakye plizyè milye sitwayen peyi a, pami yo apeprè 5 mil 600 etidyan ki te nan Ikrèn lè kriz la te komanse a.

Ayewopò ak sèvis tren yo pou soti Ikrèn fèmen depi lè fòs ris yo te anvayi peyi a semèn pase a.

Gen kèk sitwayen Nijerya ki antre kò yo nan mitan pakèt moun k-ap kouri kite Ikrèn a pye pou yo ale Polòy ak nan Woumani.

XS
SM
MD
LG