Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: FIFA Eskli Larisi nan Match Eliminatwa Mondyal 2022 yo


Soccer Football - Russian Football National League - Baltika Kaliningrad vs Krylia Sovetov Samara - Kaliningrad Stadium, Kaliningrad, Russia - April 11, 2018
Soccer Football - Russian Football National League - Baltika Kaliningrad vs Krylia Sovetov Samara - Kaliningrad Stadium, Kaliningrad, Russia - April 11, 2018

FIFA deside eskli patisipasyon LaRisi nan match eliminatwa mondyal 2022 yo, e yo anonse tou sispansyon ekip nasyonal ris ansamb e Konfederasyon Ewopeyen an ( UEFA) deside sispann tout klib Ris yo. Desizyon sa yo pran akoz LaRisi deside envayi peyi Ikrèn.

Larisi ki te òganize dènye mondyal la an 2018, eskli nan match eliminatwa Mondyal 2022 ke yo te gen pou yo jwe nan fen mwa mas la, dapre sa otirite nan FIFA yo deklare.

Seleksyon nasyonal medam ki te gen pou patisipe nan Ewo 2022 nan peyi Angletè an Jiyè pap kapap patisipe ankò .

Youn nan klib Ris ki te ap jwe nan Lig Europa a Spartak Moscow, jwenn sispansyon nan chanpyona a, li te gen pou al jwe yon match ak ekip RB Leipzig nan wonn 16 la.

Ekip nasyonal gason Larisi a te gen pou jwe yon match kont ekip nasyonal Polòy la, men Polonè yo te di FIFA ke yo refize jwe match.

UEFA koupe patenarya li ak youn nan gwo sponsò Ris li Gazprom, ki se te youn nan sipòtè prensipal li chanpyona a depi 2012.

XS
SM
MD
LG