Accessibility links

Breaking News

Polòy, La Swèd Refize Jwe Kont La Risi nan Match Kalifikasyon pou Mondyal la


Foto Achiv: Jwe Polone Robert Lewandowski kontwole balon an pandan yon match kalifikasyon pou Mondyal 2022 a ant Poloy ak Anglete nan vil Vasovi, 8 Sept. 2021.
Foto Achiv: Jwe Polone Robert Lewandowski kontwole balon an pandan yon match kalifikasyon pou Mondyal 2022 a ant Poloy ak Anglete nan vil Vasovi, 8 Sept. 2021.

Polòy refize jwe match kalifikasyon pou Mondyal li kont La Risi mwa pwochen an kòm repons pou envazyon Ris nan Ikrèn. Desizyon sa a pran nan moman sipò pou Ikrèn pran anplè apre La Swèd te pwoteste bò kote FIFA.

Prezidan Federasyon Foutbòl Polonèz la Cezary Kulesza anonse desizyon Polòy la e li di lap prezante yon pozisyon inifye devan FIFA, ki responsab pou Match 24 Mas la nan Moskou.

Samdi, pwopriyetè ekip Chelsea la, Roman Abramovich te sanzatan remèt "direksyon ak pwoteksyon" klib Premye Lib la bay responsab fondasyon charitab ekip la.

Mezi sa a fini apre yon manm palman Britanik la te lanse apèl pou milyadè Ris la remèt kontwòl kilib la apre envazyon La Risi te fè nan Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG