Accessibility links

Breaking News

Foutbòl : Match Final Lig Chanpyon an Pap Fèt nan LaRisi Ankò


Monaco Soccer Champions League Draw
Monaco Soccer Champions League Draw

UEFA anonse ke Match Final Lig Chanpyon ki te sipoze jwe nan Saint Petersburg pap fèt ankò nan peyi LaRisi, yo prale fè li nan peyi LaFrans nan Stade de France la nan vil Paris pito.

Otorite Inyon Foutbòl ewopeyen yo pran desisyon sila akòz envazyon militè ris yo nan Ikrèn.

Nan yon kominike, UEFA a remèsye prezidan fransè Emmanuel Macron pou soutyen li bay nan okazyon an pou pèmet LaFrans jwe wol sa-a nan okazyon final Final Lig Chanpyon an .

UEFA te deside jedi pou l reyini komite egzekitif li an, apre Moskou te fè plizyè atak sou plizyè rejyon nan peyi Ikrèn.

UEFA "fòtman kondane envazyon militè Ris la" nan Ikrèn.

Byen vit, plizyè peyi te leve kampe pou mande demenajman final la, ki te pwograme pou Saint Petersburg.

Se premye fwa Paris ou byen Stade St Denis a ap akeyi yon evènman konsa depi 2006.

Sa a se sizyèm fwa pou Lafrans, Parc des Princes nan Paris te deja òganize twa fwa Match Final Lig Chanpyon (1956, 1975, 1981).

XS
SM
MD
LG