Accessibility links

Breaking News

FIFA Entèdi Match Foutbòl nan La Risi


Foto Achiv: Manm ekip nasyonal La Risi pandanyon match nan St. Petersburg.
Foto Achiv: Manm ekip nasyonal La Risi pandanyon match nan St. Petersburg.

Okenn match foutbòl entènasyonal pap fèt nan La Risi e drapo ak im nasyonal Ris la ap entedi nan tout match yap jwe lòt bò dlo, responsab FIFA deklare Dimanch. FIFA se Asosyasyon Entènasyonal Federasyon Foutbòl la.

FIFA di ekip nasyonal Ris la paka patisipe nan konpetisyon antanke Ris men pito kòm Inyon Foutbòl Ris la (RFU). Li ajoute nempòt match yap jwe yo pa gen dwa gen okenn fanatik e yo pa gendwa gen match ki jwe sou teritwa yo "net" nan kad sanksyon li pran apre envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG