Accessibility links

Breaking News

Manifestan Pran Lari nan La Risi Pou Pwoteste Kont Lagè Ikrèn nan


Lapolis arete yon manifestan ki tap pwoteste nan vil St. Petersburg, La Risi, Dimanch 27 Fevriye, 2022.
Lapolis arete yon manifestan ki tap pwoteste nan vil St. Petersburg, La Risi, Dimanch 27 Fevriye, 2022.

Depi Moskou pou rive Siberi, Ris yo pran lari ankò Dimanch pou pwoteste kont envazyon La Risi nan Ikren. Manifestan yo mache anba lavil e yo chante "non a lagè".

Manifestasyon kont envazyon an te kòmanse depi Jedi e yo kontinye pandan 4 jou youn apre lot, malgre lapolis pran mezi vit e prese pou arete dè santen moun chak jou.

Nan vil St. Petersburg, kote dè douzen moun rasanble anba lavil, lapolis anti-emet te mete men sou manifestan yo epi trennen yo nan kamyonèt lapolis malgre manifestasyon an te pasifik.

Dapre gwoup OVID-Info kap defann dwa moun e ki trake arestasyon politik, Dimanch apremidi lapolis te gen tan arete omwens 356 Ris nan 32 vil kote yo tap pwoteste kont lagè a.

XS
SM
MD
LG