Accessibility links

Breaking News

Peyi Balt yo ap Fèmen Espas Ayeryen yo pou Avyon La Risi


Foto Achiv: Premye Airbus A350-900 konpayi ayeryen La Risi a Aeroflot, nan Moskou, 4 Mas 2020.
Foto Achiv: Premye Airbus A350-900 konpayi ayeryen La Risi a Aeroflot, nan Moskou, 4 Mas 2020.

Peyi Balt yo: Estoni, Letoni ak Lityani deside fèmen espas ayeryen yo pou avyon Ris, reponsab transpò 3 peyi sa yo fè konnen.

Fòmilasyon legal mezi a ki pran yo poko finalize e li poko klè kilè entèdiksyon sa yopral antre ann aplikasyon.

Minis Transpò Lityani an Marius Skuodis di laprès objektif 3 peyi yo se pou pase lòd entèdiksyon an an menm tan.

Premye Minis Estoni an, Kaja Kallas pibliye yon mesaj sou kont Twitter li Samdi pou di peyi Oksidantal yo ta dwe negosye ak La Risi ekonomikman ak politikman apre envazyon li fè nan Ikrèn nan. Minis la di "pa gen plas pou avyon agresè a nan syèl demokratik nou yo."

Minis Transpò Letoni an, Talis Linkaits, di ajans nouvèl lokal LETA ke desizyon peyi a pran pou fèmen espas ayeryen li pou avyon Ris yo pral fèt an kowodinasyon ak Estoni, Lityani epi Inyon Ewopeyèn lan.

XS
SM
MD
LG