Accessibility links

Breaking News

La Frans Sezi yon Bato Li Sispèk ap Vyole Sanksyon Kont La Risi


Yon bato kakgo ris ki rele Lide Balt la oblije al akoste nan peyi La Frans apre lapolis maritim Franse anpeche'l pran lanme akoz li sispek bato a ap vyole sanksyon Inyon Ewopeyen an pran kont La Risi, 26 Fevriye, 2022.
Yon bato kakgo ris ki rele Lide Balt la oblije al akoste nan peyi La Frans apre lapolis maritim Franse anpeche'l pran lanme akoz li sispek bato a ap vyole sanksyon Inyon Ewopeyen an pran kont La Risi, 26 Fevriye, 2022.

Lapolis maritim La Frans sezi yon bato Samdi ke otorite yo sispèk se pwopriyete yon konpayi Ris sanksyon Inyon Ewopeyen an vize poutèt lagè La Risi ap fè ak Ikrèn, yon responsab gouvènman an di ajans nouvèl Reuters.

Bato kago a tap transpote machin, e li te pran direksyon Sen Petersburg. "Nou gen anpil sispisyon li lye ak byen La Risi sanksyon yo vize," Kapitèn Veronique Magnin, yon responsab Prefekti Maritim Franse a deklare.

Yo voye bato a nan po Boulogne-sur-Mer la, ki sitye nan no peyi La Frans ant 3zè ak 4hè di maten (0200-0300 GMT) dapre Magnin, e li ajoute responsab la dwan ap tcheke bato a ak ekipaj li ki "ap kowopere".

Anbasad Ris nan La France ap chache esplikasyon bo kote otorite yo pa rapo ak sezi a, Ajans Nouvèl Ris RIA deklare.

Jounal Franse La Voix Du Nord te bay nouvèl la an premye, e li di bato a rele Lidè Balt la, e ke dapre sit entènèt marinetraffic.com, li vole drapo La Risi.

Konpayi ki se pwopriyetè bato a gen kom mèt yon biznisman Ris ki sou lis moun Inyon Ewopeyen an sanksyone, dapre sa Magnin di Reuters.

XS
SM
MD
LG