Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Ikrenyen Kouri Kite Peyi yo


Refije Ikrenyen mache bo kote machin kap fe lake pou travese frontye Ikren pou y'al Moldovi, Samdi 26 Fevriye 2022.
Refije Ikrenyen mache bo kote machin kap fe lake pou travese frontye Ikren pou y'al Moldovi, Samdi 26 Fevriye 2022.

Machin ap fè lake pandan plizyè kilomèt e sa bloke sikilasyon nan direksyon frontyè Ikrèn. Sitwayen yo ap eseye chape poul yo anba danje ki poze pou lavi yo nan moman twoup Ris yo ap vanse nan direksyon kapital la, Kyèv.

Ajans Nazyonzini pou Refije yo di gen apepre 120,000 moun ki kouri kite peyi a pou y'al nan peyi vwazen, e chif sa ap ogmante rapidman. Direktris Wo Komite pou Refije Nasyonzini an dekri sityasyon kom "flou anpil e lap chaje chak hè'd tan."

Ajans la atann ni aske yon afè 4 milyon Ikrenyen pati si sityasyon an deteryore. Anpil nan yo te pran direksyon Poloy, Moldavi, Ongri, Woumani ak Slovaki.

Gen yon tinedjè ki te pran kriye pandan li tap dekri kijan li oblije di granparan li yo babay, paske yo patka kouri kite peyi a avè'l pou al nan Woumani.

XS
SM
MD
LG