Accessibility links

Breaking News

Putin Mande Lame Ikrenyen an "Pran Pouvwa" a Nan Kyèv


CHERNOBYL DRILL 8
CHERNOBYL DRILL 8

Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, mande militè Ikrenyen yo pou yo"sezi pouvwa a" nan Kyèv, retire pouvwa a nan men Prezidan Volodymyr Zelensky ak tout antouraj li.

Putin di lame Ikrenyen an nan yon emisyon sou televizyon Ris la "Pran kontwòl pouvwa, li pral pi fasil pou nou negosye avem".

Li te di ke li pa t ap goumen kont inite lame yo nan Ikrèn men nap goumen kont fòmasyon nasyonalis yo ki konpòte yo "tankou teworis" yap sèvi avèk sivil yo "tankou boukliye pou proteje tèt yo".

Putin te dekri Prezidan Ikrenyen Zelensky ak minis li yo kòm yon " neo-Nazi ak yon dilè dwòg, ki te etabli tèt yo nan Kyèv epi pran tout pèp Ikrenyen an otaj".

Moskou te rele otorite Ukrenyen yo "neo-Nazi" oswa yon "jent" depi 2014 apre lagè a nan lès peyi Ikrèn.

Akizasyon "dwòg" sa yo te lanse pa opozan Mesye Zelensky pandan eleksyon prezidansyèl 2019 la, kote li te eli san avek tèt poze.

Yon ti kras pi bonè, Kremlin an te endike nan yon nòt pou laprès ke Mesye Putin te asire tokay Chinwa li a Xi Jinping " ke li pare pou voye yon delegasyon Minsk ale negosye avek reprezantan Ikrèn yo".

Pòtpawòl prezidansyèl Ris Dmitry Peskov te di repòtè yo ke Larisi te an kontak ak Ikrenyen, yo vin gen poblwèm apre yon dezakò sou vil pou yo te òganize chita pale a.

Ikrèn pa te mansyone posibilite sa a.

Anvan envazyon an, Kremlin an te toujou refize chita pale ak Ikrèn, malgre demann repete soti nan Prezidan Zelensky te fè anvan envazyon Ris la nan Jedi.

Prezidan Ikrenyen an te menm di kèk èdtan anvan atak militè Ris la te kòmanse militè li te eseye kontakte prezidan Putin.

Vandredi, Minis Zafè Etranje Ris la Sergey Lavrov te asire ke objektif envazyon Ris la nan Ikrèn se te "libere" Ikrenyen yo "soti nan opresyon".

Li te ajoute ke Larisi te pare pou negosyasyon si Ikrèn "depoze zam li yo".

Vandredi, Mesye Putin te akize inite nasyonalis Ikrenyen yo, li deklare ke yo te aji "tankou teworis" lè yo te deplwaye zam lou nan sant gwo vil Ikrenyen yo.

XS
SM
MD
LG