Accessibility links

Breaking News

Manm Kongrè Ameriken an Pa Antann yo sou Dènye Sanksyon Biden Pran kont Larisi yo


Prezidan Joe Biden Pale sou envazyon La Risi fe nan Ikren depi Chanm Es Lamezonblanch la, Jedi 24 Fevriye 2022.
Prezidan Joe Biden Pale sou envazyon La Risi fe nan Ikren depi Chanm Es Lamezonblanch la, Jedi 24 Fevriye 2022.

Alòske manm Kongrè ameriken an pale ak yon sèl vwa pou yo kondane envazyon Prezidan ris la, Vladimir Putin, nan Ikren nan, yo pa antann yo sou fason yo konsidere dènye seri sanksyon administrasyon Biden nan pran kont Larisi: Demokrat pran yon pozisyon, Repibliken pran yon lòt.

Prezidan Lachanm nan, Nancy Pelosi, fè konpliman pou diskou Prezidan Joe Biden pwononse jedi a pou l reyaji sou pi gwo ofansiv militè ki fèt ann Ewòp depi plis pase 70 zan. Pelosi deklare:

Nan yon diskou Putin te fè byen ta mèkredi pase a, li bay kèk pretèks pou l jistifye atak non-pwovoke li lanse sou pati lès Ikrèn nan, kote li pretann, san okenn prèv, ke yon seri asasina pa bann e pa pakèt ta pral dewoule nan Ikrèn e li te lanse apèl pou l mande sa li rele “de-nazifikasyon” peyi a ki gen nan tèt li yon prezidan jwif eli.

XS
SM
MD
LG