Accessibility links

Breaking News

Kanada Pran Sanksyon Kont Putin, Rale Bwason Alkowolik Ris Soti nan Magazen yo


Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly, ak lot manm kabine li a pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 24 Feviye 2022.
Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly, ak lot manm kabine li a pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 24 Feviye 2022.

Kanada pran sanksyon kont Prezidan Ris la Vladimir Putin ak Minis Afè Etranjè Sergei Lavrov, Prezidan Justin Trudeau anonse Vandredi.

Kanada pral pran lòt sanksyon ankò kont Belaris pou "soutirans" envazyon Putin fè nan Ikren nan, Trudeau ajoute pandan yon konferans pou laprès.

Yon lòt kote, magazen Kanadyen ki vann bwason alkowolik yo ap wetire vodka Ris ak lot bwason alkowolik Ris sou etaje yo pou kondante envazyon Moskou nan Ikren.

Apre plizye semen lide l'Oksidan yo te lanse, La Risi te atake Ikren o no, es ak sid Jedi nan yon operasyon milite ki menase lod la nan Ewop apre Lage Fret la.

Magazen ki vann bwason alkowolik nan Manitoba ak Newfoundland fe konnen yap wetire tout bwason Ris yo, tandiske Ontario limenm ki se pwovens Kanadyen ki gen plis abitan pase lod bay Biwo Kontwol Alkol Ontario a pou rale tout pwodwi Ris yo soti nan magazen yo.

Nan Ontario selman, tout pwodui Ris yo pral soti sou etaje 679 magazen.

Kanada ten enpote $3.78 milyon dola bwason alkowolik Ris an 2021, dapre done Biwo Estatistik Kanada a. Sa reprezante yon bes 23.8% pousan konparativman ak 2020. Vodka se bwawon ki pi popile pami konsomate Kanadyen yo apre whisky, dapre Statscan.

XS
SM
MD
LG