Accessibility links

Breaking News

Zelensky: Denonse L'OTAN "Nou Kite Ikrèn pou Kont li Devan Larisi"


Zelensky
Zelensky

Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky regrèt Vandredi ke tout peyi yo kite Kyèv pou kont li pou batay avek fòs militè a. Li te deklare "nou pou kont nou " kont lame Ris la ki anvayi Ikrèn.

"Ki moun ki pare pou goumen ak nou? Mwen pa wè pèsonn. Ki moun ki pare pou bay Ikrèn garanti nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik? Tout moun pè ", li fè deklarasyon sa yo apre peyi L'OTAN yo te endike ke yo pap voye twoup al sipòte Ikrèn.

Nan yon videyo ke Zelensky te pibliye sou kont prezidans, li te fè dènye evalyasyon dega yo sou bò Ikrenyen yo, pami yo sivil ak sòlda: omwen 137 moun ki mouri ak 316 blese.

"Sou zile nou an nan Zmeiny, tout gad fwontyè nou yo te mouri kòm ewo, yo te defann tèt yo Men, yo pa t rann tèt, "

Li rapòte tou prezans "gwoup sabotè" Ris yo nan Kyèv e li mande rezidan yo pou yo veye e pou yo respekte kouvrefe ki mete yo.

XS
SM
MD
LG