Accessibility links

Breaking News

Etazini Pare pou Enpoze Sanksyon Kont Putin


Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki pale pandan yon rakont ak lapres nan Washington, Vandredi 25 Fevriye, 2022.
Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki pale pandan yon rakont ak lapres nan Washington, Vandredi 25 Fevriye, 2022.

Lamezonblanch deklare Vandredi Etazini pral enpoze sanksyon kont Prezidan Ris la Vladimir Putin ak Minis Afe Etranje Sergei Lavrov nan moman Washington ap chache ogmante presyon sou Moskou apre envazyon La Risi nan Ikrèn.

Mezi sa a ra men li pa san presedan pou Etazini enpoze sanksyon kont yon chef d'eta ta vini yon sel jou apre twoup ris yo te anvayi Ikren kote li lanse operasyon teres, maritim ak ayeryen. Se pi gwo atak yon peyi lanse kont yon lot depi Dezyem Ge Mondyal la.

Pot pawol Lamezonblanch la Jen Psaki di aksyon konsete pou enpoze sanksyon kont Putin voye yon mesaj enpotan, e li ajoute dezisyon pou vize Putin, Lavrov ak lot responsab Ris yo pran apre Prezidan Joe Biden te gen yon konvesasyon nan telefon ak Prezidan Komisyon Inyon Ewop la Ursula von der Layen.

Pi bone Vandredi, peyi manm Inyon Ewop yo ak Anglete te antann yo pou bloke byen Prezidan Ris la Vladimir Putin ak minis afe etranje li Sergei Lavrov genyen ann Ewop apati Vandredi. Pandsetan, lide Ikren nan tap lanse apel pou pran plis sanksyon ki pi seve pou pini La Risi apre envazyon li fe lakay li.

Enpozisyon sanksyon kont Putin ak Lavrov reflete
enpotans absoli" l'Oksidan pa rapo ak politik etranje ajans nouvel RIA rapote an palan de reyaksyon pot pawol ministe afe etranje Ris la.

Nan le pase Etazini te enpoze sanksyon kont chef deta peyi tankou Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro epi Bashar al-Assad, Prezidan La Siri.

XS
SM
MD
LG