Accessibility links

Breaking News

Macron Denonse Envazyon La Risi Fè nan Ikrèn


Prezidan Franse a, Emmanuel Macron pale pandan yon konferans pou lapres apre yon some ekstraodine Inyon Ewopeyen an nan vil Brussels, Vandredi 25 Fevriye, 2022.
Prezidan Franse a, Emmanuel Macron pale pandan yon konferans pou lapres apre yon some ekstraodine Inyon Ewopeyen an nan vil Brussels, Vandredi 25 Fevriye, 2022.

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron deklare La Frans ak alye Ewopeyen li yo te fè tout sa yo te kapab pou evite yon atak kont peyi Ikrèn.

Macron deklare yo pap demontre okenn "feblès" nan repons yo.

Prezidan Franse a te pwononse yon diskou nasyonal televize kote li dekri atak Ris la tankou yon "moman kap chanje listwa Ewòp la" kòm rezilta li di ap gen gwo konsekans pou kontinan an, kriz sa ka chanje lavi sitwayen yo.

Macon fè konnen sanksyon La Frans anvizaje pran ap reponn "pwoposyon" operasyon militè Ris yo e ke yo pral vize ekonomi a ak sektè enèji a.

La Risi lanse yon atak sou Ikrèn Jedi ki frape vil ak baz ak atak militè ki lakòz sitwayen kouri pran tren oubyen monte nan machin pou chape poul yo.

Gouvènman Ikrenyen an deklare tank ak twoup Ris yo travèse frontyè a pou tanmen yon "lagè total" ki taka chanje lòd jeyopolitik la e ki takapab gen konsekans toupatou nan mond lan.

Videyo sa a ke Biwo Prezidansyèl Ikrenyen an montre yon atak sou yon santral enèji pwisan.

Vil Chuhuiv soufri gwo dega akòz atak la. Gen sivil ki mouri tou.

Prezidan Vladimir Putin lanse agresyon pi agresiv le mond janm konstate depi envazyon Sovyetik nan peyi Afghanistan an 1979.

Li te voye jete kondanasyon global ak lavalas nouvo sanksyon yo epi menase tout peyi etranje ki eseye foure bouch yo nan koze sa a.

LOTAN dekri envazyon an tankou yon zak lagè brital ki kraze lapè nan Ewòp.

XS
SM
MD
LG