Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: La Chin Rekòmande Sitwayen li yo nan Ikrèn Pou Montre Drapo Chinwa a pou Sekirite yo


A visitor holds the Chinese flag near the Badaling section of the Great Wall of China on the outskirts of Beijing on Feb. 8, 2022.
A visitor holds the Chinese flag near the Badaling section of the Great Wall of China on the outskirts of Beijing on Feb. 8, 2022.

La Chin konseye sitwayen li yo nan Ikrèn pou montre drapo chinwa a pou sekirite yo.

Peyi Azyatik la sou yon liy diplomatik ki diferan pa rapò ak lòt peyi yo sou dosye envasyon La Risi nan peyi Ikrèn lan.

Li pa vle opoze zanmi ni La Risi, ke yo tou 2 pataje menm opinyon, tankou opozisyon yo ak elajisman Òganizasyon Trete Nò Atlantik(OTAN) la. Men tou La Chin pa vle parèt kòm on peyi ki sipòte envazyon sila nan Ikrèn .

Anbasad Chinwaz la nan Ikrèn di "Ekskalad lagè ant Ikrèn ak Larisi [...] poze risk pou sekirite sitwayen Chinwa yo" ki ap vin nan peyi Ikrèn.

Nan yon deklarasyon, anbasad la mande sitwayen li yo pou yo "evite diskisyon sou pwoblèm espesifik" epi pou yo "fè byen ak pèp Ikrenyen an".

Jedi, anbasad Chinwaz la te rekòmande pou sitwayen li yo ki anvi kite peyi Ikrèn pou yo montre "klèman drapo Chinwa" sou machin yo.

Nouvo enstriksyon sa yo pran apre ke diplomasi Chinwaz la pat ni pou ni kont nan vòt ke Nasyonzini te fè sou yon rezolisyon pou denonse "agresyon" Larisi nan Ikrèn.

Gen 6,000 Chinwa ki ap viv nan peyi Ikrèn.

Anbasad Chinwaz la nan Kyèv te anonse vandredi òganizasyon vòl pou evakye Chinwa ki vle kite Ikrèn.

Yo pa bay okenn detay konsènan dat vòl sa yo.

XS
SM
MD
LG