Accessibility links

Breaking News

Kanada Pote Kole ak Ewòp pou Fèmen Espas Ayeryen li pou Avyon Ris


Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly, ak lot manm kabine li a pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 24 Feviye 2022.
Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly, ak lot manm kabine li a pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 24 Feviye 2022.

Kanada fè mèman parèyman ak anpil peyi ann Ewòp ki fèmen espas ayeryen yo pou tout avyon Ris nan moman l'Oksidan ap ogmante presyon sou La Risi apre li anvayi Ikrèn.

Minis Transpò a, Omar Alghabra deklare Dimanch ke Kanada pral rann La Risi responsab pou atak li lanse san pwovokasyon.

Pi fo peyi Ewopeyen yo swa anonse ke yo pral fèmen espas ayeryen yo oubyen yo di yo gen entansyon fè sa. Pou kounyea, Espay, La Grès, Sèrbi ak La Tiki pami kèk peyi sèlman ki pa pote kole ak jefò kont La Risi a.

XS
SM
MD
LG