Accessibility links

Breaking News
Azi

Japon Pote Kole ak Etazini, Ewop pou Koupe Aksè Bank Ris yo ak SWIFT


Premye Minis Japone a, Fumio Kishida pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan rezidans ofisyel li nan Tokyo, 25 Fevriye 2022.
Premye Minis Japone a, Fumio Kishida pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan rezidans ofisyel li nan Tokyo, 25 Fevriye 2022.

Premye Minis Japonè a, Fumio Kishida deklare Japon deside pote kole ak Etazini epi peyi Ewopeyen ki koupe aksè bank Ris yo genyen ak sistèm finansye entènasyonal SWIFT la, nan kad jefò pou ogmante sanksyon kont La Risi apre envazyon Ikrèn nan.

Japon pral bloke tou, byen Prezidan Ris la, Vladimir Putin ak lòt wo responsab Ris yo genen lakay li. Peyi a di li pral voye tou, $100 milyon asistans imanitè dijans by Ikrèn, Kishida di jounalis yo.

"Envazyon la Risi nan Ikrèn se yon tantativ inilateral pou chanje stati quo a e sa souke fondasyon lòd entènasyonal la. Se yon vyolasyon kare bare lwa entènasyonal yo e nou denonse li ak tout fòs nou, " Kishida deklare.

Nan yon deklarasyon koe li bat bravo pou nouvo sanksyon Japonè yo, Pòt pawòl Lamezonblanch la, Jen Psaki di Etazini ak alye li yo "pral kontinye gade de pre ansanm, lot mezi li ka aplike nan lavni pou pini Putin sevèman e montre li ke chwa li fè pou fè lagè se yon echèk estratejik."

XS
SM
MD
LG