Accessibility links

Breaking News

Moskou ak Kyèv Pwal fè yon 2èm Seri Chita-Koze


Belarus Russia Ukraine War
Belarus Russia Ukraine War

Moskou ak Kyèv pwal fè yon 2èm seri chita-koze lapè, dapre 2 gouvènman yo, apre delege Ikrèn yo te reklame yon ola nan batay yo touswit ak retrè fòs ris-yo, nan premye chita-koze yo ki te dewoule lendi sou fwontyè ak Belaris.

Rezistans Ikrèn nan mete ak pwoblèm nan transpò militè ris yo te ralanti envazyon Moskou a nan Ikrèn. Apre 5 jou batay, lame LaRusi a pa pran okenn gran vil nan Ikrèn, e prensipal efò-li te santre nan direksyon Kyèv; li rive nan apeprè 25 kilomèt ak sant vil la apre li te vanse sèlman kèk kilomèt dimanch-la, dapre yon gwo zotobre ameriken nan sektè defans la.

Yon gwo zotobre avèti dimanch la, ke fòs ris yo ka aprann nan premye erè ke yo te fè nan envazyon an e adapte-yo pou lòt atak yo pwal lanse.

Pandanstan, Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelensky ekzòte Inyon Ewòp la pou aksepte aplikasyon Ikrèn touswit pou l vin manm blòk la.

XS
SM
MD
LG