Accessibility links

Breaking News

Putin Asiste yon Gwo Manifestasyon nan Moskou nan Moman Twoup Ris yo Kontinye ap Atake Ikrèn


Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou pandan yon konse pou make 8em anivese referandom sou eta Krime ak Sevastopol ak reyinifikasyon yo ak La Risi, nan Moskou, Vandredi 18 Mas, 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou pandan yon konse pou make 8em anivese referandom sou eta Krime ak Sevastopol ak reyinifikasyon yo ak La Risi, nan Moskou, Vandredi 18 Mas, 2022.

Prezidan Ris la Vladimir Putin fè yon parèt nan yon gwo manifestasyon nan Moskou kote li fè lwanj pou sòlda li yo nan moman yo kontinye ap atake vil Ikrenyèn yo ak obi e misil.

Plis pase 200,000 moun te reponn prezan nan stad Luzhniki a Vandedi pou make 8èm anivèsè aneksasyon Prèskil Krime a, ke La Risi sezi nan men Ikrèn.

Putin te monte sou sèn nan kote li li yon pasaj La Bib epi ensiste aksyon li poze a te nesesè pou anpeche yon "jenosid", yon deklarasyon lidè toupatou nan mond lan demanti kareman.

Pandansetan, twoup Ris yo kontinye pilonnen kapital Ikrèn nan, Kyèv, epi yo lanse yon seri atak ak misil endeyò vil Lviv, nen rejyon wès peyi a.

XS
SM
MD
LG