Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Ap Chache Èd Lalmay nan Mitan Envazyon Larisi a


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.

Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, lanse yon apèl bay Lalmay, jedi 17 mas la, kote l fè palman alman an konnen gen yon nouvo mi k ap bati an Ewòp “ant libète avèk esklavaj.” Zelenskyy deklare nan yon mesaj video:

“E mi sa a ap vin pi gwo avèk chak bonm k ap tonbe sou Ikrèn, avèk chak desizyon nou pa pran.”

Lidè ikrenyen an kritike Lalmay poutèt li apiye nouvo pwojè Nord Stream No. 2 a ki sispann kounyela a e ki la pou transpòte gaz natirèl k ap sòti Larisi. Zelenskyy di Lalmay plase enterè ekonomik li devan sekirite Ikrèn. Li ajoute:

“Nou menm, Ikrenyen, nou prezante devan nou, Alman. Nou te di gouvènman alman an ke North Stream nan sete yon sòt de preparasyon pou lagè a.”

Nan jounn jedi a, efò sekou t ap kontinye nan vil Mariupol, nan pati sid Ikrèn, ke sòlda Larisi yo antoure e kote nou jwenn yon lokal sinema ke sòlda ris yo bonbade, dapre Ikrenyen yo, alòske plizyè santèn sivil te pran refij ladan l.

XS
SM
MD
LG