Accessibility links

Breaking News

Sekouris Ikrèn yo ap Fouye Dekonb yon Teyat Pandan La Risi Kontinye Atake


Yon solda Ikrenyen kanpe nan yon zon kote yon depo pran dife apre bonbadman La Risi fe andeyo vil Kyev kapital Ikren, Jedi 17 Mas, 2022.
Yon solda Ikrenyen kanpe nan yon zon kote yon depo pran dife apre bonbadman La Risi fe andeyo vil Kyev kapital Ikren, Jedi 17 Mas, 2022.

Sekouris yo ap chache moun ki ta vivan toujou nan dekonb yon teyat ki kraze nèt nan atak ayeryen La Risi lanse nan vil Mariupol. Pandansetan, bonbadman fewos touye plizyè douzèn moun nan vil sa a ki sitye nan no peyi a pandan jounen ki sot pase a, dapre yon gouvènè lokal.

Plizyè santèm sivil te pran refij nan sousol yon teyat kote yo te bloke lè atak Ris yo te lakoz bilding nan te efontre sou tèt abri yo a.

Li poko klè konbyen moun ki mouri ak blese.

Yon gouvènè lokal di gen omwens 53 moun ki mouri pandan 24 hè ki sot pase yo, nan yon bonbadman fewos La Risi te lanse nan vil Chernihiv nan no a tou - pami yo moun ki tap fè lake pou achte pen.

Sitwayen kache nan sousol yo. "Vil la poko janm viv yon kochma konsa, ni pakèt pèt lavi ak destriksyon sa a," gouvènè a deklare.

XS
SM
MD
LG