Accessibility links

Breaking News

Medya Ris: Detansyon Jwèz WNBA Griner Pwolonje pou 19 Me


Foto Achiv: Brittney Griner, manm ekip WNBA Phoenix Mercury, 13 Oct. 2021.
Foto Achiv: Brittney Griner, manm ekip WNBA Phoenix Mercury, 13 Oct. 2021.

Ajans nouvel La Risi a, Tass deklare yon tribinal tou pre Moskou anonse li pral pwolonje detansyon vedèt baskètbòl feminen Amerikèn Brittney Griner pou jous 19 Me.

Yo te arete Griner nan ayewopò Moskou a, nan mitan mwad Fevriye a dapre nouvèl yo, apre otorite La Risi te fouye malèt li epi jwenn yon pakèt bokal vape ki te swadizan gen ladan yo lwil ki fèt ak fèy mariwana.

Anbasad Etazini nan Moskou pat reponn apèl Associated Press fè pou mande komantè sou nouvèl sa a.

Griner, ki gen 31 an, se youn pami jwèz baskètbòl Ameriken ki gen plis renome. Li jwe nan 7 match vedèt All Star (pi bon pami pi bon yo) li ranpòte 2 meday Olenpik lò pou Etazini e li ranpòte yon chanpyona WNBA ak ekip Phoenix Mercury la.

Nouvo sezon WNBA a sipoze louvri 6 Me.

XS
SM
MD
LG